Viv Bondye nan syèl la
Viv Bondye nan syèl la
Sou tè a se pou pèp li a viv ak kè poze
Sou tè a se pou pèp li a viv ak kè poze
N ap fè louanj pou li, se li n ap adore
N ap fè konpliman pou li
1- N ap lwanje non ou devan tout nasyon yo
Nap deklare yo tout mèvèy ou fè yo
Avèk pouvwa ou ou kreye syèl la
Ou kreye tè a fò n di Alelouya!
2-Tout sa k sou latè fe lwanj pou Granmèt la
Tout zwazo nan syèl yo fè mizik pou Li
Fèy bwa k ap souke di glwa pou Granmèt la
Nou menm ki kretyen n ap di Alelouya!
No comments:
Post a Comment