Sunday, May 17, 2020

Te sek la va wouze, jaden yo va pouse


Tè sèk la va wouze, jaden yo va pouse
Sovè n pral vini L'a pran ka pitit Bondye yo. (2)


1- Malere yo pral kanpe, prizonye yo va lage
Tout moun ava rele di: Mèsi Bondye!

2- Tout pye bwa yo va donnen, bon jan fwi, pap gen konsa
Tout moun ki grangou yo pral manje vant plen.

3- Tout mizè nou ap fini, enjistis tou ap kraze,
Tout sak tap soufri yo pral gen kè kontan.

Viv Bondye Nan Syèl La!



Viv Bondye nan syèl la

Viv Bondye nan syèl la
Sou t
è a se pou pèp li a viv ak kè poze
N ap fè louanj pou li, se li n ap adore
N ap fè konpliman pou li

1- N ap lwanje non ou devan tout nasyon yo
Nap deklare yo tout m
èvèy ou fè yo
Avèk pouvwa ou ou kreye syèl la
Ou kreye tè a fò n di Alelouya!

2-Tout sa k sou lat
è fe lwanj pou Granmèt la
Tout zwazo nan syèl yo fè mizik pou Li
Fèy bwa k ap souke di glwa pou Granmèt la
Nou menm ki kretyen n ap di Alelouya!



Thursday, January 19, 2017

CHOUKOUN

CHOUKOUN

Choucoune
(Paroles: Oswald Durand; Musique: Mauleart Monton )

     1. Dèyè yon gwo touf pengwen
        Lòt jou mwen kontre Choukoun
        Li souri lè li wè mwen
        Mwen di: "Syèl, ala bèl moun!"
        Mwen di: "Syèl, ala bèl moun!"
        Li di: "Ou trouve sa chè?"

        Ti zwezo nan bwa ki tape koute
        Ti zwezo nan bwa ki tape koute
        Kon mwen sonje sa
        Mwen genyen lapenn
        Ka depi jou sa
        De pye mwen nan chenn

        Kon mwen sonje sa
        Mwen genyen lapenn
        De pye mwen nan chenn

     2. Choukoun se yon marabou
        Je li klere kou chandèl
        Li genyen tete debou
        A si Choukoun te fidèl
        A si Choukoun te fidèl
        Nou rete koze lontan

        Jis zwezo nan bwa te parèt kontan
        Jis zwezo nan bwa te parèt kontan
        Pito bliye sa
        Se twò gran lapenn
        Ka depi jou sa
        De pye mwen nan chenn

        Pito bliye sa
        Se twò gran lapenn
        De pye mwen nan chenn

     3. Ti dan Choukoun blan kou lèt
        Bouch li koulè kayamit
        Li pa gwo fanm, li gwosèt
        Fanm konsa plè mwen touswit
        Fanm konsa plè mwen touswit
        Tan pase pa tan jodi!

        Zwezo te tande tout sa li te di
        Zwezo te tande tout sa li te di
        Si ou sonje sa
        Yo dwe nan lapenn
        Ka depi jou sa
        De pye mwen na chenn

        Si ou sonje sa
        Yo dwe nan lapenn
        De pye mwen na chenn

     4. Nale lakay manman li
        Yon granmoun ki byen onèt
        Sito li wè mwen li di:
        "A mwen kontan sila nèt"
        "A mwen kontan sila nèt"
        Nou bwè chokola nwa

        Eske tout sa fini, ti zwezo nan bwa
        Eske tout sa fini, ti zwezo nan bwa
        Pito bliye sa
        Se two gran lapenn
        Ka depi jou-sa
        De pye-mwen nan chenn

        Pito bliye sa
        Se two gran lapenn
        De pye-mwen nan chenn

     5. Yon ti blan vini rive
        Ti bab wouj, bèl figi wòz
        Mont sou kote, bèl chive
        Malè mwen, li ki lakòz
        Malè mwen, li ki lakòz
        Li trouve Choukoun joli

        Li pale Franse, Choukoun renmen li
        Li pale Franse, Choukoun renmen li
        Pito bliye sa
        Se two gran lapenn
        Choukoun kite mwen
        De pye mwen nan chenn

        Pito bliye sa
        Se two gran lapenn
        De pye mwen nan chenn

IM NASYONAL AYISYEN

I 
Pou Ayiti
Peyi Zansèt yo
Se pou n mache
Men nan lamen
Nan mitan n pa fèt pou gen trèt
Nou fèt pou n sèl mèt tèt nou.
Annou mache men nan lamen
Pou Ayiti ka vin pi bèl
Annou, annou met tèt ansanm
Pou Ayiti onon tout zansèt yo.
II
Pou Ayiti 
Onon Zansèt yo
Se pou n sekle
Se pou n plante
Se nan tè tout fòs nou chita
Se li k ba nou manje
Ann bite tè, ann voye wou
Ak kè kontan, fòk tè a bay
Sekle, wouze, fanm kou gason
Pou n rive viv ak sèl fòs ponyèt nou.
III 
Pou Ayiti
Ak pou Zansèt yo
Fò nou kapab
Vanyan gason
Moun pa fèt pou ret ak moun
Se sa k fè tout manman ak tout papa
Dwe pou voye timoun lekòl
Pou yo aprann, pou yo konnen
Si Tousen, Desalin, Kristòf, Petyon
Te fè pou wet Ayisyen anba kòd blan.
IV
Pou Ayiti
Onon Zansèt yo
Ann leve tèt
Nou gad anlè
Pou tout moun mande Granmèt la
Pou l ba nou pwoteksyon
Pou move zanj pa detounen n
Pou ka mache nan bon chimen
Pou libète ka libète
Fòk lajistis blayi sou peyi a!
V
Nou gen drapo
Tankou tout pèp
Se pou n renmen l
Mouri pou li
Se pa kado blan te fè nou
Se san Zansèt nou yo ki te koule
Pou nou kenbe drapo nou wo
Se pou n travay met tèt ansanm
Pou lòt peyi ka respekte l
Drapo sila a se nanm tout Ayisyen.

Tout Sa n Genyen Tout Sa n Ye

Tout sa n genyen tout sa n ye 
Se ou ki ba nou yo
Nou vin remèt yo nan men w Granmèt 
pran yo pou fè sèvis ou (2 fwa)

Depi avan mwen fèt ou te deja konnen m
Depi nan vant manman m ou te deja chwazi m
Ou gen yon plan pou mwen ki fè w mete m ap viv
Si m pa fè volontèw mwen pap janm reyisi

Ti pen n ap ofri w la, se ou ki ba nou li
Diven n ap ofri w la se nan men w li sòti
Anpil moun te travay pou yo jan yo ye a
Konsa yo reprezante tou sa ki sou tè a

Sa Jezi-Kri Ye?

Sa Jezi-Kri ye?
Jezi -Kri se pen vivan Bondye voye bay pèp li a
Manman Mari pote l pou nou, Manman Mari pote l pou nou

1-Jezi se pen k sòti nan syèl
Bondye ban nou l pou lavi n pi anfòm

2-Jezi di nou : " Chèche sitou manje 
nan pen ki pap janm fini an."

3-Bondye Granmèt toujou ba nou
Manje vivan ki sèti nan syèl la

4-Moun ki manje nan pen silaa 
An verite li pa gen dwa mouri

5-Pen pou n manje si kè nou pwòp
Si n abiye avèk lavi Bondye

6-Pen pou n manje si nou renmen
Si n fè ak lòt jan Bondye fè ak nou

Wi Mwen Kwè Nan Bondye a

Wi mwen kwè nan Bondye a
Se li ki mèt lavi mwen
Mwen deja fin sètifye
Sa l di se verite.

1- Mwen kwè genyen Papa a mèt tout pouvwa,
E mèt syèl la ak tè a,
Li fè tout sa nou wè
E li fè tout sa je pa kab wè.
Tout sa l kreye yo la
Yo depase tout pouvwa lèzòm genyen
Pesonn pa di m anyen
Map kenbe lafwa m jiska lafen.

2- Mwen kwè gen Jezi Kri, li se Granmèt
E se sèl pitit Papa a
Ki la depi tout tan
E l se Bondye ki sot nan Bondye.
Li te vin sou tè a e l te pase
Kèk bon lane pami nou.
Se lanmò li sou kwa a
K ap pèmèt nou rive nan syèl la.

3-Mwen kwè gen Lespri Sen,
Li te pale le pwofèt yo tap pale.
Se li kap met dife
K ap pèmèt pèp Bondye a vanse.
L ap simaye lanmou ki sot nan Papa ansanm ak Pitit la
M ap tann tou mò leve,
M ap tann lavi k ap vini an.