Thursday, January 19, 2017

Wi Mwen Kwè Nan Bondye a

Wi mwen kwè nan Bondye a
Se li ki mèt lavi mwen
Mwen deja fin sètifye
Sa l di se verite.

1- Mwen kwè genyen Papa a mèt tout pouvwa,
E mèt syèl la ak tè a,
Li fè tout sa nou wè
E li fè tout sa je pa kab wè.
Tout sa l kreye yo la
Yo depase tout pouvwa lèzòm genyen
Pesonn pa di m anyen
Map kenbe lafwa m jiska lafen.

2- Mwen kwè gen Jezi Kri, li se Granmèt
E se sèl pitit Papa a
Ki la depi tout tan
E l se Bondye ki sot nan Bondye.
Li te vin sou tè a e l te pase
Kèk bon lane pami nou.
Se lanmò li sou kwa a
K ap pèmèt nou rive nan syèl la.

3-Mwen kwè gen Lespri Sen,
Li te pale le pwofèt yo tap pale.
Se li kap met dife
K ap pèmèt pèp Bondye a vanse.
L ap simaye lanmou ki sot nan Papa ansanm ak Pitit la
M ap tann tou mò leve,
M ap tann lavi k ap vini an.

No comments:

Post a Comment