Thursday, January 19, 2017

Avè w Mwen Marye Jodiya Wawa Jeremie

Devan Bondye jodiya n reyini
Vin deklare alyans nou pou lavi
Yon jou konsa Li te fè nou zanmi
Amitye n vin grandi kon jasmen k ap fleri

Ou te fè m konfyans lage kle kè w nan menm

Pi bèl kado Bondye te ka ban mwen
Mwen vle travay lan nuit kou lajounen
Pou fè kè ou tounen yon syèl ki tou limen.

M pwomèt pou mwen renmenw avèk tout kè m 

Ak tout nanm mwen,
Pou m kenbe men w jan Bondye di jiskaske zye m fèmen 
Pa gen lanmè pwoblèm nou pap janbe
Pa gen fènwa nou pap pèse tout tan ke n ap renmen

M santi on rivyè nan kè m k ap debòde

Chak fwa m sonje se ou ki bòkote m 
Yon vag lanmou leve m fè m pedi pye
Men m kontan m pèdi pye 
lè se nan nan bra w m tonbe

Van k ap soufle fè m sonje jan w pale
Chak mo ou di plen sajès ak tandrès
Zetwal klere fè m sonje sa ou ye
Yon branch flè k sot tonbe nan bèl boukè Bondye

M pwomèt pou mwen renmenw avèk tout kè m 
Ak tout nanm mwen,
Pou m kenbe men w jan Bondye di jiskaske zye m fèmen 
Pa gen lanmè pwoblèm nou pap janbe
Pa gen fènwa nou pap pèse tout tan ke n ap renmen 

Wawa Jeremie

No comments:

Post a Comment